2 Ni ba, ni wo, rich ak malere ansanm.
2 (3) gran kou piti, rich kou pòv.
Ki p ap montre patipri a prens yo, ni rich yo kon pi enpòtan ke pòv, paske tout moun se zèv a men Li ke yo ye.
Moun nan pozisyon ba yo se se sèl yon souf nan van. Moun ki plase wo yo se manti. Nan pèz balans yo, se monte, yap monte. Ansanm menm, yo pi fay ke yon souf.
Rich la ak malere a mare ansanm; se SENYÈ a ki fè yo tout.
Rapwoche, O nasyon yo pou tande! Koute, o pèp yo! Kite latè ak tout sa ki ladann tande, e lemonn ak tout sa ki ladann.
Tande, O pèp yo, nou tout! Koute, O latè a, ak tout sa ki ladann. Kite SENYÈ Bondye a vin temwen kont nou; SENYÈ a, depi nan tanp sen Li an.