19 li va ale nan jenerasyon a zansèt li yo. Yo p ap janm wè limyè an.
19 (20) yon lè, li gen pou l mouri tankou zansèt li yo ki p'ap janm wè limyè ankò.
Men pou ou menm, ou va ale vè zansèt ou yo anpè. Ou va antere nan yon laj byen avanse.
Epi Baescha te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere Thirtsa. Epi Éla, fis li a, te vin wa nan plas li.
pou mennen nanm li fè l sòti kite fòs lanmò a, pou l kab eklèsi ak limyè lavi a.
Paske Ou te delivre nanm mwen soti nan lanmò. Ou te anpeche pye mwen glise tonbe, pou m ta kab mache devan Bondye nan limyè a moun vivan yo.
Paske konsa pousyè la va retounen nan tè a jan li te ye a, e lespri a va retounen kote Bondye ki te bay li a.
Se kilès ki ka konnen ke souf a lòm monte anwo e souf a bèt yo desann anba tè?
“Konsa, wa a te di a sèvitè yo: Mare men li avèk pye li, e jete li deyò nan fon tenèb. Nan plas sa a, va genyen gwo kriye avèk manje dan.
men fis yo a wayòm lan ap jete deyò nan fon tenèb. E nan plas sa a, yo va rele anmwey e yo va manje dan yo.”
“Men Bondye te di l: ‘Alò nonm ensanse! Menm nwit sa a, nanm ou ap rachte de ou; e koulye a, kilès k ap mèt a sa ou prepare yo?’
volas lanmè sovaj yo, k ap kimen nan pwòp wont yo tout kalite lenpirite yo; zetwal erann pou kilès tenèb nwa a te rezève jis pou janmen.