Wi, menm lè m vye ak cheve blanch, O Bondye, pa abandone m, jiskaske mwen fin deklare fòs Ou a jenerasyon sila a, ak pwisans Ou a tout sila k ap vini yo.
Epi SENYÈ a va gide ou tout tan, satisfè dezi ou yo kote ki sèch yo, e bay fòs a zo ou yo. Konsa, ou va kon yon jaden byen awoze e tankou yon sous dlo ki p ap janm seche.
Sof ke se te pou de jou, oswa yon mwa, oswa 1 nan ke nwaj la te mize sou tabènak la, depi li rete anwo li, fis Israël yo te rete nan kan an. Yo pa t pati. Men lè li te vin leve, yo te pati.
Men lè Li, Lespri verite a vini, Li va dirije nou nan tout verite. Paske Li p ap pale pou kont Li, men sa Li tande, L ap pale. Li va montre nou tout sa ki va vini.