Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 48:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Kite Mòn Sion fè kè kontan! Kite fi a Juda yo rejwi akoz jijman Ou yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 (12) Moun ki rete sou mòn Siyon yo kontan. Moun ki rete nan peyi Jide yo pral fè fèt, paske ou konn fè moun jistis.

参见章节 复制




Sòm 48:11
17 交叉引用  

Moun ladwati a va rejwi lè l wè vanjans lan. Li va lave pye li nan san a mechan yo,


Sion te tande sa e te rejwi. Fi a Sion yo te rejwi akoz jijman Ou, O SENYÈ.


Mwen menm, mwen nwa; men mwen byen bèl, O fi a Jérusalem yo, tankou tant Kédar yo, tankou rido a Salomon yo.


M ap avèti nou, O fi a Jérusalem yo, nan non antilòp ak bich mawon an, pou nou pa fè lanmou m leve, ni ouvri zye li jiskaske se plezi li.


M ap avèti nou, O fi a Jérusalem yo, nan non antilòp ak bich mawon an, pou nou pa fè lanmou leve ni ouvri zye l jiskaske se plezi li.


Bouch li plen ak dousè. Li dezirab nèt. Sa se cheri mwen an, e sa se zanmi mwen an, o fi Jérusalem yo.


men pawòl ke SENYÈ a fin pale kont li: Fi vyèj a Sion an desann ou nèt! Li pa bay ou valè. Fi a Jérusalem nan souke tèt li devan w!


Rejwi anpil, O fi a Sion an! Kriye yon son viktwa, O fi a Sion an! Gade byen wa ou ap vini kote ou; Li jis e Li gen Sali; Li enb e Li monte sou yon bourik, menm yon jenn pòtre, pitit a yon bourik.


Paske depi solèy la leve jis rive kote li kouche a, non Mwen va gran pami nasyon yo, e tout kote, lansan ak ofrann sereyal ki san tach va vin ofri a non Mwen. Paske non Mwen va gran pami nasyon yo,” pale SENYÈ Dèzame yo.


Men Jésus, te vin vire vè yo, e te di: “Fi Jérusalem yo, sispann kriye pou Mwen, men kriye pou nou menm, ak pou pitit nou yo.


Kilès ki p ap krent Ou, O Senyè, epi bay glwa a non Ou? Paske se Ou sèl ki sen. Paske tout nasyon yo va vini pou adore devan Ou. Paske zèv ladwati Ou yo, Ou gen tan revele.”


“Rejwi sou li, o syèl, e nou menm, sen, apot ak pwofèt yo, paske Bondye te pwononse jijman pou nou kont li.”


“Se konsa pou kite tout lènmi Ou yo peri, O SENYÈ, men ke sila ki renmen Li yo vin tankou solèy k ap leve ak tout fòs li.” Konsa, peyi a te rete san boulvèsman pandan karant ane.


跟着我们:

广告


广告