Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 46:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Vini, gade byen zèv a SENYÈ yo ki gwo dega Li fè nan tout latè.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 (9) Vini wè travay Senyè a! Gade ravaj l'ap fè sou latè!

参见章节 复制




Sòm 46:8
18 交叉引用  

A la beni sila ki gen sekou nan Bondye Jacob la beni, sila ki mete espwa li nan SENYÈ a, Bondye li a,


Bondye mwen an ak lanmou dous Li a, va devan m. Bondye va kite mwen triyonfè sou advèsè mwen yo.


Vini pou wè zèv Bondye yo. Zèv etonnan anvè fis a lòm yo.


Sèvitè Farawon yo te di li: “Pou konbyen de tan mesye sila a ap rete tankou yon pèlen pou nou? Kite mesye yo ale pou yo kapab sèvi SENYÈ Bondye a yo a. Èske ou pa wè ke Égypte gen tan fin detwi?”


Farawon te leve nan nwit lan, li ak sèvitè li yo avèk tout Ejipsyen yo. Yo te gen yon gwo lamantasyon nan tout Égypte la, paske pa t gen kay kote moun pa t mouri.


Gade byen, SENYÈ a va devaste tout latè ak gwo destriksyon, boulvèse sifas li e gaye tout moun ki rete ladann.


Yo va rebati ansyen mazi yo, yo va fè leve wo sa ki te kraze depi lontan yo. Yo va repare vil ki te detwi yo, dezolasyon de anpil jenerasyon yo.


Pou sa, SENYÈ a, Li menm, va bay nou yon sign: Gade byen, yon vyèj va vin ansent. Li va fè yon fis e li va rele non Li Emmanuel.


Fè yon plan, e sa ap bloke. Pale yon pawòl, e sa p ap dire. Paske Bondye avèk nou.”


Sèlman, pa fè rebèl kont SENYÈ a; ni pa pè pèp peyi sa a, paske, nou va devore yo. Pwoteksyon yo ale, e SENYÈ a avèk nou. Pa pè yo.”


Paske, nanpwen wanga kont Jacob, ni pa gen divinasyon kont Israël. Nan tan etabli a, li va pale a Jacob, e a Israël de sa Bondye te fè a!


“Lè nou ale fè batay kont lènmi nou yo, nou wè cheval avèk cha ak pèp ki plis pase nou, pa pè yo; paske SENYÈ a, Bondye nou an, ki te fè nou sòti kite peyi Égypte la, avèk nou.


Paske se te volonte SENYÈ a pou yo ta fè kè yo vin di, pou yo te rankontre Israël nan batay, pou Li ta kapab detwi yo nèt, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.


跟着我们:

广告


广告