Kite mwen tande lanmou dous Ou a nan granmmaten, paske mwen mete konfyans mwen nan Ou. Enstwi mwen nan chemen ke m ta dwe mache a, paske se a Ou ke mwen leve nanm mwen.
Alò, Moise te lonje men li sou lanmè a, e lanmè a te retounen nan eta nòmal li nan granmmaten, pandan Ejipsyen yo t ap sove ale tou kontra li. Konsa, SENYÈ a te boulvèse Ejipsyen yo nan mitan lanmè a.
Li te di mwen: “Fis a lòm, sa se plas pou twòn Mwen an, ak plas machpye Mwen an, kote Mwen va demere pami fis Israël yo jis pou tout tan. Lakay Israël p ap souye non sen Mwen an ankò, ni yo menm ni wa yo, pa zak pwostitisyon yo, e pa kadav a wa yo lè yo fin mouri,
Epi li te mennen m retounen nan pòt kay la; epi gade byen dlo t ap koule soti anba papòt kay la vè lès, paske kay la te bay fas vè lès. Epi dlo a t ap koule soti pa anba, soti akote dwat kay la, soti kote sid lotèl la.
Mwen p ap egzekite chalè kòlè Mwen; Mwen p ap detwi Éphraïm ankò. Paske se Bondye Mwen ye, Mwen pa lòm; Sila Ki Sen nan mitan nou an e Mwen p ap antre nan kòlè.
Konsa pale SENYÈ a: “Mwen fin retounen nan Sion, e Mwen va demere nan mitan Jérusalem. Jérusalem va rele ‘Vil Verite a, e Mòn SENYÈ Dèzame yo, yo va rele ‘Mòn Sen an.’”
Akoz SENYÈ a, Bondye nou an, mache nan mitan kan nou yo pou delivre nou, e venk lènmi nou yo devan nou; pou sa, fòk kan nou yo sen. Fòk Li pa wè anyen ki pa pwòp pami nou; oswa, Li va vire kite nou.