Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 45:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Li va mennen kote Wa a nan yon zèv bwodri. Vyèj yo, konpanyen li yo, k ap swiv li va mennen bò kote Ou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 (15) Yo mennen l bò kote wa a, avèk bèl rad bwode li sou li. Tout fidonè li yo ap mache dèyè l: yo prezante yo ba ou tou.

参见章节 复制




Sòm 45:14
13 交叉引用  

“Pou pòtay galeri a va gen yon rido ven koude, avèk twal ble, mov, e wouj avèk twal fen blan, byen tòde, lèv a yon mèt tiseran, avèk kat pilye pa yo, ak kat baz reseptikal pa yo.


Ou va trese yon tinik avèk modèl kare avèk twal fen blan, ou va fè yon tiban avèk twal fen blan, e ou va fè yon sentiwon bwode, èv a yon bòs tiseran.


M ap avèti nou, O fi a Jérusalem yo, nan non antilòp ak bich mawon an, pou nou pa fè lanmou m leve, ni ouvri zye li jiskaske se plezi li.


“Kote cheri ou a te ale, o pi bèl pami fanm yo? Kote cheri ou a te vire, pou nou ka chache li ansanm avèk ou?”


Retounen, retounen, O Silamit lan; retounen, retounen, pou zye nou ka gade ou! Poukisa ou ta gade Silamit lan tankou se nan dans a de twoup koral?


Genyen swasant rèn ak katre-ven konkibin, e jèn fi menm pa kab konte;


O ou menm, ki chita nan jaden yo, ansanm ak zanmi mwen yo, kite m tande vwa ou.


“Papa, Mwen vle ke yo menm tou, ke Ou ban Mwen yo, kapab avèk Mwen kote Mwen ye a, pou yo kapab wè glwa M, ke Ou ban Mwen, paske Ou te renmen Mwen avan fondasyon lemonn.


Paske mwen jalou pou nou avèk yon jalouzi ki sòti nan Bondye. Paske mwen te fyanse nou ak yon mari, pou m ta kapab prezante nou a Kris kòm yon vyèj ki san tach.


‘Èske se pa ke yo te jwenn, ke y ap divize piyaj la? Yon demwazèl, menm de demwazèl pou chak gèrye; pou Sisera, yon piyaj bèl twal fonse, piyaj a yon twal anbeli trese byen fen; yon mendèv très doub sou kou a piyajè a?’


跟着我们:

广告


广告