Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 44:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Malgre, Ou te kraze nou nan landwa chen mawon yo, e te kouvri nou avèk lonbraj lanmò a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

19 (20) Men ou menm, ki jan ou fè lage nou konsa san sekou nan mitan bèt nan bwa yo? Ou kite nou konsa kote ki fè nwa anpil la.

参见章节 复制




Sòm 44:19
19 交叉引用  

Pye m te kenbe fèm a pa Li. Mwen te kenbe chemen Li an, e mwen pa t vire akote.


Kite fènwa avèk gwo tenèb reklame li. Kite fènwa jou sa a modi li.


Mwen te vin frè ak chen mawon, zanmi ak otrich la.


Malgre mwen ta mache nan vale lonbraj lanmò a, mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m. Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.


Mwen pa kab santi anyen ankò. Mwen fin kraze nèt. Vwa m plenyen akoz kè m ajite.


Fè m tande lajwa avèk kè kontan, pou zo ke Ou te kase yo, vin rejwi.


Nan jou sa a, SENYÈ a va pini Leviathan ak gwo nepe a byen di. Leviathan, sèpan tòde a, kap pran flit; li va touye dragon an ki rete nan lanmè a.


Peyi deseche a va vin tounen yon letan, e tè swaf kòn sous k ap pete dlo. Nan landwa chen mawon yo, nan kote yo poze a , va gen zèb ak wozo ak jon.


“Ou va di yo pawòl sa a: ‘Kite zye m koule ak dlo lannwit kon lajounen e pa kite dlo yo sispann; Paske fi vyèj a pèp mwen an te kraze ak yon gran brèch, ak yon blesi byen grav.


Pale e di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a, “Gade byen, Mwen kont ou, Farawon, wa Égypte, gwo mons la ki kouche nan mitan rivyè li yo, k ap di: ‘Rivyè Nil lan se pou mwen e se mwen menm ki te fè li.’


“Pèp la ki te chita nan tenèb la te wè yon gwo limyè; e sila yo ki te chita nan peyi lonbraj lanmò a, sou yo menm yon limyè te vin parèt.”


Gran dragon an te jete anba; sèpan ansyen an ki rele dyab la ak Satan, ki twonpe tout mond lan. Li te jete anba sou latè, e zanj li yo te jete anba avèk li.


Bèt ke m te wè a te tankou yon leyopa. Pat li yo te tankou pat a yon lous, e bouch li te tankou bouch a yon lyon. Konsa, dragon an te ba li pouvwa li a, twòn li an, ak gran otorite.


Answit, senkyèm zanj lan te vide gode li sou twòn a bèt la, epi wayòm li an te vin tounwa. Konsa, yo te manje pwòp lang yo akoz de doulè a.


跟着我们:

广告


广告