Konsa pale SENYÈ a: “Kote sètifika divòs ak sila Mwen te voye manman ou ale a? Oswa èske Mwen te vann ou bay ou yo? Gade byen, ou te vann akoz inikite ou yo, e manman ou te voye ale akoz transgresyon ou yo.
Lakòlè SENYÈ a te brile kont Israël. Li te livre yo nan men a piyajè ki te piyaje yo. Li te vann yo antre nan men a lènmi ki te antoure yo pou yo pa t kab kanpe ankò devan lènmi yo.
Alò, lakòlè SENYÈ a te limen kont Israël jiskaske Li te vann yo nan men a Cuschan-Rischeathaïm, wa Mésopotamie a. Konsa, fis Israël yo te sèvi Cuschan-Rischeathaïm pandan uit ane.