Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 42:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 O Bondye mwen, nanm mwen pèdi espwa anndan mwen. Pou sa, mwen sonje Ou soti nan peyi Jourdain an avèk tèt mòn Hermon yo, soti kanpe nan Mòn Mitsear.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 (7) Wi, mwen kagou. Se poutèt sa, kote m ye a, bò larivyè Jouden an, sou mòn Emon osinon sou mòn Miza, tout tan lide m sou ou.

参见章节 复制




Sòm 42:6
14 交叉引用  

Alò, David avèk tout moun ki te avèk li yo te leve janbe Jourdain an. Lè solèy te vin leve, pa t gen youn ki rete ki pa t janbe Jourdain an.


Alò, lè David te vini Mahanaïm, Schobi, fis a Nachasch ki sòti Rabba a, a fis Ammon yo, Makir, fis a Ammiel Lodebar a ak Barzillaï, Galaadit Roguelim nan,


Se tankou lawouze Mòn Hermon ki vin desann sou mòn Sion nan; paske la, SENYÈ a te kòmande benediksyon an——lavi jis pou tout tan.


Bondye mwen, Bondye mwen, poukisa Ou te abandone m? Kri a doulè sa a lwen delivrans mwen.


Konsa, mwen va ale vè lotèl Bondye a, Bondye lajwa m ki depase limit lan. Konsa, sou gita a, mwen va bay Ou lwanj, O Bondye, Bondye mwen an.


Poukisa ou nan dezespwa, O nanm mwen? E poukisa ou twouble anndan m? Mete espwa ou nan Bondye! Paske m ap louwe Li ankò: O sove m, soutyen mwen an, ak Bondye m.


Soti nan dènye pwent latè, mwen rele Ou lè kè m fèb; Mennen mwen sou wòch ki pi wo pase m nan.


“Pandan mwen t ap vin endispoze nèt, Mwen te sonje SENYÈ a e lapriyè mwen te rive kote Ou nan tanp sen Ou an.


Li te ale yon ti jan pi lwen; Li te tonbe sou figi Li, e te priye konsa: “Papa M, si se posib, kite tas sila a chape de Mwen menm; men pa jan Mwen menm ta vle l la, men jan volonte pa W la.”


Nan anviwon nevyèm lè, Jésus te kriye avèk yon vwa byen fò: “Eli, Eli, lima sabachthani?” Ki vle di: “Bondye m, Bondye m, Poukisa Ou abandone Mwen?”


跟着我们:

广告


广告