5 Lènmi m yo pale mal kont mwen: “Kilè l ap mouri pou non li disparèt?”
5 (6) Lènmi m yo ap pale m mal. Y'ap di: Kilè l'a mouri? Kilè y'a bliye l?
Memwa li fin disparèt sou tè a men li pa gen non nan okenn lòt peyi.
l ap peri nèt tankou fatra. Sila ki te konn wè li yo va di: ‘Kibò li ye?’
Lènmi m yo repwoche m tout lajounen. Sila ki moke m yo sèvi ak non mwen kon madichon.
Sila ki chache lavi m yo, ap prepare pyèj yo pou mwen. Sila ki chache fè m donmaj yo ap fè menas destriksyon. Y ap manniganse trayizon tout lajounen.
Paske mwen konnen transgresyon mwen yo. Peche mwen yo devan m tout tan.
Men vwala, Ou vle verite a menm nan pati anndan m nèt. Nan pati kache anndan m, Ou va fè m konnen sajès.
Lènmi m yo vle vale m tout lajounen. Yo anpil! Tout sila ki goumen ak ògèy kont mwen yo.
Mwen va kriye a Bondye Pi Wo a, a Bondye ki acheve tout sa m mande an.
Ke chemen Ou kapab byen koni sou tè a, ak sali Ou pami tout nasyon yo.
Vire vè mwen e fè m gras. O dispoze fòs Ou a sèvitè Ou a, e fè sekou a fis a sèvant Ou a.
Montre m gras Ou, O SENYÈ, paske se a Ou menm mwen kriye tout lajounen.
Memwa a moun dwat la beni; men non mechan an vin pouri.