Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 41:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, soti pou tout tan, jis rive pou tout tan. Amen e amen.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 (14) Ann fè lwanj Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Ann fè lwanj li pou tout tan. Amèn! Se vre!

参见章节 复制




Sòm 41:13
19 交叉引用  

Benaja, fis a Jehojada a te reponn wa a. Li te di: “Amen!” Kite se konsa ke SENYÈ a, Bondye a mèt mwen an, pale.


Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, Pou letènite, jis rive nan letènite a. Tout pèp la te di: “Amen” e te louwe SENYÈ a.


Konsa, David te beni SENYÈ a devan zye a tout asanble a. David te di: “Beni se Ou menm, O SENYÈ a, Bondye Israël la, papa nou, jis pou tout tan e tout tan.


Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, pou tout tan jis pou tout tan. Kite tout pèp la di: “Amen.” Louwe SENYÈ a!


SENYÈ a bay soutyen a aflije yo. Li fè mechan yo bese desann jis rive atè.


Kite tout sa ki gen souf louwe SENYÈ a! Louwe SENYÈ a!


Beni se SENYÈ a pou tout tan! Amen, e Amen.


epi pwofèt Jérémie te di: “Amen! Ke SENYÈ a fè l konsa. Ke SENYÈ a kapab konfime pawòl ke ou te pale yo, pou fè mennen retounen veso lakay SENYÈ yo, e tout moun ki ekzile yo, sòti Babylone pou antre nan plas sa a.


epi dlo sa a ki pote yon madichon va antre nan vant ou, fè vant ou anfle e fè kwis ou vin pouri e disparèt.” Konsa, fanm nan va di: “Amen, Amen.”


Epi pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de mal. Paske wayòm nan, pouvwa a, avèk glwa a se pou Ou menm pou tout letènite. Amèn.’


Otreman, si nou beni nan lespri a sèlman, kijan sila ki okipe plas moun ki san don yo va di “Amen” lè nou bay remèsiman, paske li menm, li pa konnen sa n ap di a?


Beni se Bondye, Papa Senyè nou an Jésus Kri, ki te beni nou avèk tout benediksyon Lespri a nan lye selès an Kris yo.


E yo t ap di: “Nou ba Ou remèsiman, O Senyè, Bondye, Toupwisan an, ki la e ki te la, paske Ou te pran pwisans ou a, e ou te kòmanse renye.


Sila ki temwaye a bagay sa yo di: “Wi, Mwen ap vini vit.” Amen. Vini, Senyè Jésus.


Epi kat kreyati vivan yo, yo chak avèk sis zèl, ranpli avèk zye toutotou e anndan. San repo, lajounen kon lannwit, yo pa t sispann di: “Sen, sen, sen, se Senyè a, Bondye a, Toupwisan an, ki te la, ki la, e ki va vini an.”


Yo t ap di: “Amen! Benediksyon, laglwa, sajès, remèsiman, lonè, pwisans, e pouvwa pou Bondye nou an pou tout tan e pou tout tan! Amen.”


跟着我们:

广告


广告