11 Se konsa mwen konnen ke Ou pran plezi nan mwen. Akoz lènmi mwen an pa kriye viktwa sou mwen.
11 (12) M'a konnen ou kontan avè m vre si m wè lènmi m yo pa banboche sou do m.
Beni se SENYÈ a, ki pa t livre nou pou chire nan dan yo.
pou lènmi mwen an pa di: “Mwen fin genyen l,” epi advèsè mwen yo rejwi lè m pran chòk.
SENYÈ a bay favè a sila ki krent Li yo, sila ki tann lanmou dous Li yo.
O Bondye mwen, nan Ou, mwen mete konfyans mwen. Pa kite mwen vin wont; pa kite lènmi m yo fè fèt sou mwen.
Ou pa t lage mwen nan men a lènmi an. Ou te mete pye mwen nan yon kote byen laj.
Pa kite yo di nan kè yo: “Men konsa, men sa nou pi pito a!” Pa kite yo di: “Nou gen tan fin vale li nèt!”
Montre m yon sign bonte Ou, pou sila ki rayi mwen yo kapab wè l e vin wont. Paske Ou menm, O SENYÈ, te fè m sekou, e te konsole mwen.
Chante a SENYÈ a, louwe SENYÈ a! Paske Li te delivre nanm a malere a soti nan men a malfektè yo.
Lè Li te fin dezame gouvènè ak otorite yo, Li te fè yo vin afiche piblikman e te triyonfe sou yo pa Li menm.