Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 40:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Sakrifis avèk ofrann sereyal, Ou pa t dezire yo. Ou te ouvri zòrèy mwen. Ofrann brile avèk ofrann peche yo, Ou pa t mande yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 (7) Ou pa bezwen yo fè okenn ofrann bèt pou boule pou ou, ni pou yo fè ou kado anyen. Men, ou louvri zòrèy mwen yo. Ou pa mande pou yo boule okenn vyann bèt pou ou, ni pou yo touye bèt pou wete peche.

参见章节 复制




Sòm 40:6
19 交叉引用  

konsa, Li ouvri zòrèy a lòm e mete so sou enstriksyon yo,


Bondye Ki konn fè gwo bagay ki depase konesans lan; mèvèy ki pa kab menm konte yo.


Anplis, SENYÈ, a la presye se panse Ou yo yo pou mwen! A la gran, yo gran anpil!


Si m te konte yo, yo t ap an kantite depase sab. Lè m leve nan dòmi, mwen toujou avèk Ou.


Mwen pa repwoche ou pou sakrifis ou yo. Ofrann brile nou yo devan m tout tan.


Paske Ou pa pran plezi nan sakrifis. Otreman, mwen ta bay li. Ofrann brile yo pa fè Ou kontan.


Bouch mwen va pale ladwati Ou, ak sali Ou tout lajounen, menmsi mwen pa kab fin konnen fòs valè tout jou sa yo.


alò, mèt li va mennen li devan Bondye, e apre li va mennen li vè pòt la, oswa chanbrann pòt la. Epi konsa, mèt li va pèse zòrèy li avèk yon pwenson, e li va sèvi li nèt jis pou tout tan.


“Ki sa gran fòs kantite sakrifis sa yo ye k ap ogmante pou Mwen?” di SENYÈ a. Mwen fin resevwa kont ofrann brile a belye ak grès a bèf gra yo. Mwen pa pran plezi nan san towo yo, jenn mouton, ni kabrit.


O SENYÈ, Ou se Bondye mwen. Mwen va leve Ou byen wo! Mwen va bay remèsiman a non Ou, paske Ou te fè gwo mèvèy; plan yo ki te fòme depi lontan, avèk tout fidelite ak verite.


Men sila ki touye yon bèf la, li tankou sila ki touye yon moun nan; sila ki fè sakrifis a yon jenn mouton an, li tankou yon moun ki kase kou a yon chen; sila ki fè ofrann sereyal la, li tankou sila ki ofri san kochon an; sila ki brile lansan an, li tankou sila ki fè beni yon zidòl la. Konsi yo te chwazi pwòp chemen pa yo, e nanm yo pran gwo plezi nan abominasyon yo.


Paske, Mwen pito mizerikòd olye sakrifis, epi konesans Bondye a plis ke ofrann brile.


Menmsi nou ofri ban Mwen ofrann brile ak ofrann sereyal, Mwen p ap aksepte yo; ni Mwen p ap menm gade ofrann lapè a bèt gra nou yo.


Men si nou te konnen kisa sa vle di: ‘Mwen dezire mizerikòd olye sakrifis’, nou pa t ap kondane inosan yo.


Men ale konprann kisa sa vle di: ‘Mwen dezire mizerikòd, pa sakrifis’, paske mwen pa t vini pou rele jis yo, men pechè yo.”


Samuel te di: “Èske SENYÈ a twouve menm fòs plezi nan ofrann brile yo avèk sakrifis yo ke li jwenn nan obeyi vwa SENYÈ a? Veye byen, obeyisans pi bon ke sakrifis e koute pase grès a belye yo.


跟着我们:

广告


广告