Èske se ak mal ke yon moun dwe rekonpanse pou sa ki bon? Paske se yon fòs yo fin fouye pou mwen. Sonje kijan mwen te kanpe devan Ou, pou pale sa ki bon pou yo menm, pou m ta ka fè kòlè Ou vire kite yo.
Konsa, David avèk mesye pa li yo te ale Keïla pou te goumen avèk Filisten yo. Yo te mennen bèt yo sòti e te frape moun avèk yon gwo masak. Konsa David te delivre pèp a Keïla a.
Alò, David te di: “Anverite, se an ven ke m t ap veye tout afè ke mesye sa a te genyen nan dezè a, pou l pa manke anyen nan sa ki te pou li yo! Konsa, li te remèt mwen mal pou byen!