Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 38:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Pwòch mwen yo avèk zanmi mwen yo kanpe nan distans akoz touman m. Fanmi m yo kanpe byen lwen.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 (12) Tout zanmi m, tout vwazinay kanpe lwen mwen, tout fanmi m rete lwen mwen poutèt maleng mwen an.

参见章节 复制




Sòm 38:11
12 交叉引用  

Konsa, chen yo vin antoure mwen. Yon bann malfektè vin ansèkle m. Yo te pèse dwat mwen avèk pye m.


Akoz tout advèsè mwen yo, mwen te devni yon objè abominab, sitou a vwazen mwen yo, e yon objè laperèz a sila ki rekonèt mwen yo. Sila ki wè m nan lari yo sove ale devan m.


Ou te retire renmen mwen ak zanmi m nan lwen m nèt, ak zanmi m yo, nan tenèb.


Anverite, se doulè nou yo Li te pote ak soufrans nou yo Li te chaje sou do L; men nou te rekonèt Li kon moun pini, frape pa Bondye e aflije.


Avèk opresyon avèk jijman Li te retire nèt. Selon jenerasyon Li, yo te konsidere Li te koupe retire nèt nan peyi a vivan yo, ke Li te kraze akoz peche a pèp Mwen yo.


Men tout sa vin rive pou Ekriti Sen yo selon pwofèt yo ta kapab vin akonpli.” Lapoula, tout disip Li yo te kouri kite Li.


Lè yo te fin arete Li, yo te mennen L ale, e te fè L rive lakay wo prèt la. Men Pierre t ap swiv a yon distans.


Epi tout sila ki te rekonèt Li yo, ak fanm Galilée ki te akonpanye Li yo, te kanpe a yon distans e t ap gade tout bagay sa yo.


Veye byen, lè a ap vini, e gen tan vini deja, pou nou vin gaye, chak a pwòp kay li, e pou kite M sèl. Men M p ap sèl, paske Papa a toujou avè M.


跟着我们:

广告


广告