8 Sispann fache pou l pa mennen ou nan fè mal. Pa kite kè ou twouble; l ap mennen ou nan mechanste
8 Pa fache, pa fè move san. Ou pa bezwen ennève! Sa kapab fè ou fè sa ki mal.
Alò, Farawon te di li: “Men kisa ou te manke avè m, ke konsa, w ap chache ale nan pwòp peyi pa ou?” Li te reponn li: “Anyen: men anverite, fòk ou kite mwen ale.”
O ou menm ki chire pwòp kò ou menm nan kòlè ou, èske se pou lakoz ou menm ke tè a ta abandone, oswa wòch la deplase nan plas li?
Paske rankin va touye moun ki plen foli, e jalouzi va touye moun senp lan.
Mwen te di nan mitan gwo twoub mwen yo: “Tout moun se mantè”.
Pou mwen, mwen te di ak kè sote mwen: “Mwen koupe retire nèt devan zye Ou”. Sepandan, Ou te tande vwa a siplikasyon mwen yo lè m te kriye a Ou menm.
Si mwen te di: “Mwen va pale konsa,” gade byen, mwen ta trayi jenerasyon pitit Ou yo.
Sila ki lan nan kòlè a, gen gwo konprann; men sila ki fè fache vit, leve foli byen wo.
Sila ki lan nan kòlè a pi bon pase pwisan yo; e sila ki gouvène lespri li a pi bon pase sila kap kaptire yon gran vil.
Men sa te fè Jonas pa kontan anpil e li te vin fache.
Epi Bondye te di a Jonas: “Èske ou gen bon rezon pou fache akoz lyann nan?” Jonas te reponn: “Mwen gen bon rezon pou m fache, menm jiska lanmò.”
“Fè fache, e malgre sa pa peche”; pa kite solèy la kouche pandan nou fache a,
Ke tout rankin nan kè, san wo, kòlè, zen, ak kout lang vin retire pami nou, ansanm ak tout malveyans.
Men koulye a, nou menm tou mete yo tout sou kote; Move san, kòlè, mechanste, kout lang, ak move jouman ki sòti nan bouch nou.