Tankou yon pye pòm pami bwa nan forè, se konsa cheri mwen an ye pami jennonm yo. Nan lonbraj li mwen te pran gwo plezi pou m te chita; konsa fwi li te dous nan gou m.
konsa ou va pran plezi nan SENYÈ a, e Mwen va fè ou monte sou wotè latè yo. Mwen va bay ou manje, e Mwen va ba ou eritaj a Jacob, papa ou a, paske bouch SENYÈ a pale sa a.”
“Nou pa t chwazi Mwen, men Mwen te chwazi nou, e te etabli nou pou nou ta kapab pote fwi, e ke fwi sa a ta kapab dire, pou nenpòt sa ke nou mande Papa a, nan non pa M, Li kapab bay nou li.
Epi malgre nou poko wè Li, nou renmen Li, e malgre nou poko wè Li koulye a, men nou kwè nan Li, e rejwi anpil avèk yon jwa ki pa kab eksprime e ki plen ak laglwa