Yo te twouve soutyen kont yo e Agarenyen yo avèk tout sila ki te avèk yo te livre nan men yo; paske yo te kriye fò a Bondye nan batay la e Li te reponn lapriyè yo, akoz yo te mete konfyans yo nan Li.
Gade byen, Bondye se delivrans mwen. Mwen va fè Li konfyans e mwen pa pè, paske SENYÈ BONDYE a se fòs mwen ak chan mwen; se Sila ki te devni sali mwen an.”
Mwen va fè ou devan pèp sa a, yon miray fòtifye ak bwonz. Malgre yo goumen kont ou, yo p ap genyen sou ou; paske Mwen avèk ou pou ba ou sekou e pou delivre ou,” deklare SENYÈ a.
Men Senyè a te kanpe avèk mwen e te ban m fòs pou pwoklamasyon an ta kapab fin akonpli nèt, e pou tout pèp etranje yo kapab tande. Se konsa, mwen te sove soti nan bouch a lyon an.