24 Lè li tonbe, li p ap voye tèt anba nèt, paske SENYÈ a se Sila ki kenbe men li an.
24 Si yo tonbe, yo p'ap rete atè a. Paske Senyè a ap ba yo men.
SENYÈ a bay soutyen a tout moun ki tonbe. Li leve wo tout sila ki vin pwostène yo.
SENYÈ a bay soutyen a aflije yo. Li fè mechan yo bese desann jis rive atè.
Paske bra a mechan yo va kase, men SENYÈ a va ranfòse moun dwat yo.
Li te mennen mwen sòti nan fòs k ap detwi a, sòti deyò gwo ma ajil la. Li te mete pye m sou wòch la e te fè m kanpe byen fèm.
Yo va leve ou byen wo nan men yo, pou ou pa frape pye ou kont wòch.
Si mwen ta di: “Pye m glise,” Lanmou dous Ou a, O SENYÈ, va kenbe m.
paske yon nonm ladwati tonbe sèt fwa e leve ankò, men se nan lè gwo malè ke mechan an tonbe.
Siméon te beni yo, e te di a Marie, manman Li: “Veye byen, anfan sila a fèt pou tonbe ak leve a anpil moun an Israël, e pou yon sign k ap koze opozisyon.