23 Pa a yon nonm etabli pa SENYÈ a. Konsa, Li pran plezi nan chemen li.
23 Senyè a pran men lèzòm, li mete yo nan bon chemen. Li kontan wè yo mache dwat.
Byen etabli tout pa mwen yo nan pawòl Ou, e pa kite inikite vin domine sou mwen.
O ke chemen mwen yo kapab vin etabli pou kenbe règleman Ou yo!
Li p ap kite pye ou chape. Sila ki kenbe ou a p ap kabicha, ni dòmi.
Li va pwoteje ou lè ou sòti ak lè ou antre, depi nan moman sa a e jis rive pou tout tan.
Pye mwen yo te kenbe fèm nan chemen pa W la. Pye mwen pat janm glise.
Li te mennen mwen sòti nan fòs k ap detwi a, sòti deyò gwo ma ajil la. Li te mete pye m sou wòch la e te fè m kanpe byen fèm.
Li te mete yon chanson nèf nan bouch mwen, yon chan lwanj Bondye nou an. Anpil moun va wè, vin gen lakrent e va mete konfyans nan Bondye.
Ladwati va mache devan L. L ap prepare yon gran chemen pou mak pla pye Li yo.
Yon fo balans se abominasyon a SENYÈ a; men yon pwa ki jis se plezi Li.
Sila ki pèvès nan kè yo abominab a SENYÈ a; men sila ki san tò nan chemen yo, se plezi Li.
Panse a lòm fè plan pou wout li; men SENYÈ a dirije pa li yo.
Veye wout pye ou konn pran e tout chemen ou yo va byen etabli.
Mwen konnen, O SENYÈ, ke chemen a yon nonm pa nan li menm, ni se pa posib pou moun ki mache a dirije pwòp pa pye li.
Men kite sila ki vin ògeye a, vin ògeye nan sa; ke li gen konprann, e li rekonèt Mwen, ke se Mwen se SENYÈ a, ki aji nan lanmou dous, jistis, ak ladwati sou latè a; paske Mwen pran gwo plezi nan bagay sa yo,” deklare SENYÈ a.
Epi pa neglije fè sa ki bon e pataje youn avèk lòt. Paske nan sakrifis konsa yo, Bondye pran plezi.
L ap pwoteje pye a sen Li yo; men, mechan yo va jwenn silans nan tenèb la; paske se pa pa lafòs ke yon nonm vin reyisi.
Alò, pou sa, leve bonè nan maten avèk sèvitè a mèt ou ki te vini avèk ou yo, e lamenm lè ou leve nan maten bonè, pati.”