18 SENYÈ a konnen jou a sila ki dwat yo. Eritaj yo va dire jis pou tout tan.
18 Senyè a konnen jan moun ki fè volonte l yo ap viv. Eritaj yo la pou tout tan.
Paske SENYÈ a konnen chemen a sila ki dwat yo, men chemen a mechan yo va disparèt.
Men lanmou dous a SENYÈ a, soti pou tout tan jis rive pou tout tan sou sila ki gen lakrent Li yo e ladwati Li a pitit pitit li yo,
Ou va fè m rekonèt chemen lavi a. Nan prezans Ou, se lajwa ki an abondans nèt. Nan men dwat Ou, se plezi ki dire jis pou tout tan.
Li te mande Ou lavi e Ou te bay li. Yon vi ki long ak jou k ap dire jis pou tout tan.
Moman mwen yo nan men Ou. Delivre mwen nan men a lènmi mwen yo, avèk sila ki pèsekite mwen yo.
Mwen va rejwi e fè kè kontan nan lanmou dous Ou, akoz Ou te wè soufrans mwen. Ou te wè soufrans a nanm mwen.
SENYÈ a ri sou li, paske Li wè ke jou li a ap rive.
Poukisa mwen ta gen krent nan move jou yo, Lè inikite a lènmi m yo antoure m?
Avèk konsèy Ou, Ou va gide mwen, e apre, resevwa mwen nan laglwa.
Paske moun dwat yo va viv nan peyi a, e sila ki san tò yo va rete ladann;
Epi tout moun ou yo va dwat, Yo va posede peyi a jis pou tout tan; branch ke M te plante a, zèv a men M yo, pou M kapab resevwa glwa.
Paske se tout bagay sa yo ke tout payen yo cho pou chèche, men Papa nou ki nan syèl la konnen ke nou bezwen tout bagay sa yo.
Konsa, menm jan ke peche te renye nan lanmò, konsa tou lagras te renye pa ladwati, jiska lavi etènèl nan Jésus Kri Senyè nou an.
Paske salè a peche se lanmò, men kado gratis Bondye a, se lavi etènèl nan Jésus Kri, Senyè nou an.
Très cheve ou yo va tankou fè avèk bwonz. Selon kantite jou ou yo, konsa, ou va gen fòs.
Malgre fondasyon Bondye a kanpe byen fèm, e li gen so sila a sou li: “Senyè a konnen sila ki pou Li yo”, epi: “Ke tout moun ki nonmen non Senyè a rete lwen mechanste.”
Epi sa se pwomès la ke Li menm te fè nou, lavi etènèl.