Lè ou vin kriye fò, kite zidòl ou yo delivre ou. Men van an va pote yo ale. Yon souf va rale yo monte. Men sila ki kache nan Mwen an va eritye peyi a. Li va posede mòn sen Mwen an.”
Nou va mache nan tout chemen ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an, pou nou kapab viv e pou sa kapab ale byen pou nou, pou jou nou yo kapab pwolonje nan peyi ke nou va posede a.
Konsa, annou mete sou kote tout sa ki sal, ak tout sa ki rete de mechanste, e ak imilite, resevwa pawòl ki enplante nan nou an, ki kapab sove nanm nou.