1 Pa twouble tèt ou akoz mechan yo. Pa vin pote lanvi pou malfektè yo.
1 (1b) Pa fè kòlè lè ou wè mechan yo! Pa anvye sò moun k'ap fè mal yo!
Moun ladwati va byen twouble ak sa, e linosan an va leve li menm kont enkwayan yo.
Pran repo nan SENYÈ a, e tann Li ak pasyans; Pa twouble ou akoz sila ki reyisi nan chemen li an, Akoz nonm nan ki reyisi fè manèv mechan li yo.
Paske mwen te gen anvi awogan yo, lè m te wè jan mechan yo te byen reyisi.
Foli a yon nonm fè chemen l gate; e kè li anraje kont SENYÈ a.
Pa kite kè ou fè lanvi pechè yo, men viv nan lakrent SENYÈ a tout tan.
Pa fè anvi a moun mechan, ni dezire pou avèk yo;
Pa twouble tèt ou pou malveyan yo, ni fè lanvi pou mechan yo,
Pinga ou gen anvi a yon nonm vyolan, ni pa chwazi chemen li yo.
Men, sa pa prale byen pou moun mechan an, e li p ap pwolonje jou li yo tankou yon lonbraj, paske li pa gen lakrent Bondye.
lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.