Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 34:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Se mechanste ki va touye mechan an. Sila ki rayi moun ladwati yo va kondane.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

21 (22) Malè gen pou fini ak mechan yo. Moun ki pa vle wè moun k'ap mache dwat yo gen pou yo tonbe anba chatiman.

参见章节 复制




Sòm 34:21
22 交叉引用  

Konsa, wa a te mouri. Yo te mennen l Samarie, epi yo te antere wa a Samarie.


Wa Israël la te di a Josaphat: “Genyen toujou yon nonm pa sila nou kapab fè demann SENYÈ a, men mwen rayi li, akoz li pa pwofetize sa ki bon pou mwen, men sa ki mal. Michée, fis a Jimla a.” Men Josaphat te di: “Pa kite wa a di sa.”


Yo te pliye e yo te tonbe, men nou te leve e nou te kanpe dwat.


Kite sila yo etone nèt akoz wont yo, sila ki di mwen: “Wayan, wayan!”


Men Mwen va kraze advèsè li yo devan l, e frape sila ki rayi li yo.


Li te fè mechanste pa yo retounen sou yo, e va koupe retire yo nèt nan mechanste pa yo. SENYÈ nou an va koupe retire yo.


“Li oblije manje nan yon sèl kay. Nou pa pou mennen okenn nan chè a andeyò kay la, ni nou pa pou kase okenn nan zo li.


“Ou pa pou pran non SENYÈ a an ven, paske SENYÈ a p ap kite sila a ki mal sèvi ak non Li an san pinisyon.”


paske yon nonm ladwati tonbe sèt fwa e leve ankò, men se nan lè gwo malè ke mechan an tonbe.


Malè a mechan an! Sa prale mal pou li. Paske sa li merite a, se sa k ap rive li.


“Men sitwayen li yo te rayi li, e yo te voye yon delegasyon dèyè l pou di: ‘Nou pa vle nonm sa renye sou nou.’


“Men lènmi M sa yo ki pa t vle M renye sou yo a, mennen yo isit la, e touye yo nan prezans mwen.”


“Lemonn pa kapab rayi nou. Men Li rayi Mwen, paske Mwen temwaye sou li ke zèv li yo mechan.


Paske se byen jis pou Bondye rann afliksyon a sila ki aflije nou yo,


Sila yo va peye pinisyon destriksyon etènèl la, lwen prezans Senyè a ak laglwa a pouvwa Li a.


Konsa, Saül te di a pòtè zam li an: “Rale nepe ou pou frennen m avè l; otreman, Filisten ensikonsi sila yo va vin frennen m nèt e fè spò avè m.” Men pòtè zam nan te refize, paske li te pè anpil. Pou sa Saül te pran nepe li e te tonbe sou li.


跟着我们:

广告


广告