17 Moun dwat kriye. SENYÈ a tande e vin delivre yo tout nan tout twoub yo.
17 (18) Lè moun ki mache dwat yo rele l, li tande yo. Li wete yo anba tray.
Nan jou sa yo, Ézéchias te vin malad jis rive pre lanmò. Li te priye a SENYÈ a. SENYÈ a te pale avèk li e te ba li yon sign.
“Alò, Bondye p ap rejte yon nonm entèg; ni li p ap bay soutyen a malfektè yo.
Kite yo devan SENYÈ a tout tan pou L koupe retire memwa yo sou latè,
Zye a SENYÈ a sou sila ki dwat yo. Zòrèy Li koute kri yo.
Anpil, se afliksyon a moun dwat la, men SENYÈ a delivre li sòti nan yo tout.
Malere sila a te rele, e SENYÈ a te tande li, epi te sove li sòti nan tout twoub li yo.
Men pou mwen, pa gran lanmou dous Ou a mwen va antre lakay Ou. Nan tanp sen Ou an mwen va pwostène mwen nèt an adorasyon.
Lènmi an te rive a nan fen, e li te kraze nèt. Ou te dechouke vil yo, jiskaske memwa a yo vin disparèt.
Li va fè apèl non Mwen e Mwen va reponn li. Mwen va avèk Li nan tan twoub la. Mwen va delivre li e bay li lonè.
Memwa a moun dwat la beni; men non mechan an vin pouri.
Anplis, li va vin rive ke avan yo rele, Mwen va reponn; epi pandan yo toujou ap pale, Mwen va tande.
Mwen va pozisyone figi M kont mesye sa a, fè li yon sign ak yon pwovèb, e Mwen va koupe retire li nèt de pèp Mwen an. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
Menmsi yo antre an kaptivite devan lènmi yo, Mwen va kòmande nepe soti la pou touye yo. Konsa, Mwen va fikse zye M kont yo pou mal, e non pa pou byen.
Mwen te prèt pou di: “M ap koupe yo an mòso, M ap rache memwa yo soti de lòm,