15 Zye a SENYÈ a sou sila ki dwat yo. Zòrèy Li koute kri yo.
15 (16) Senyè a ap veye moun ki mache dwat devan l yo. L'ap koute yo lè y'ap rele nan pye l.
“Koulye a, O Bondye mwen, mwen priye, kite zye Ou louvri e zòrèy ou vin atantif a lapriyè sa a, ki fèt nan plas sa a.
Li pa retire zye Li sou moun ladwati yo; men avèk wa ki chita sou twòn yo, li bay yo chèz jis pou tout tan, e yo leve wo.
SENYÈ, koute vwa mwen! Kite zòrèy Ou rete atantif a vwa siplikasyon mwen yo.
Veye byen, zye SENYÈ a sou sila ki krent Li yo, sou sila ki mete espwa yo nan lanmou dous Li a,
Moun dwat kriye. SENYÈ a tande e vin delivre yo tout nan tout twoub yo.
Malere sila a te rele, e SENYÈ a te tande li, epi te sove li sòti nan tout twoub li yo.
Kite mal e fè sa ki bon, pou ou kab viv jis pou tout tan.
Sa yo se bagay ke nou va fè yo: pale verite a youn lòt, egzekite jijman pou laverite ak lapè nan pòtay nou yo.
Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Jèn nan katriyèm mwa a, jèn nan senkyèm mwa a, jèn nan setyèm mwa a, e jèn nan dizyèm mwa yo va devni pou lakay Juda gwo lajwa, kè kontan ak gwo fèt rejwisans; Donk lanmou, laverite ak lapè.”
Paske zye a Senyè a sou moun ladwati yo, e zòrèy Li atantif a lapriyè yo; men lafas Bondye kont sila ki fè mal yo.”