Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 34:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Kenbe lang ou apa de sa ki mal, e lèv ou pou pa bay manti.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 (14) Se moun ki pa lage kò yo nan pale moun mal ni nan bay manti.

参见章节 复制




Sòm 34:13
22 交叉引用  

Pou ou ta vire lespri ou kont Bondye e kite pawòl parèy a sila yo sòti nan bouch ou?


Plase yon gadyen sou bouch mwen, O SENYÈ. Veye dri sou pòt lèv mwen yo.


Mwen te di, mwen va veye chemen mwen, pou m pa fè peche ak lang mwen. Mwen va veye bouch mwen, konsi li gen yon brid ladann toutotan mechan yo rete nan prezans mwen.


Destriksyon ladann. Opresyon avèk desepsyon pa janm kite lari li yo.


Lèv verite yo va etabli pou tout tan; men lang ki bay manti a rete pou yon moman.


Lèv ki manti a abominab a SENYÈ a; men sila ki aji nan fidelite, se plezi Li.


Mechan yo va boulvèse e vin disparèt; men kay a moun dwat yo va kanpe.


Sila ki kontwole bouch li, konsève lavi li; sila ki ouvri lèv li byen laj va detwi nèt.


Lanmò ak lavi nan pouvwa a lang lan; e sila ki renmen l yo, va manje fwi li.


Yon fo temwen pa prale san pinisyon; epi sila ki bay manti a, va peri.


Sila ki veye bouch li ak lang li pwoteje nanm li kont gwo twoub.


Paske Li te di: “Anverite, yo se pèp Mwen, fis ki p ap aji nan manti.” Pou sa, Li te devni Sovè yo.


Chache sa ki bon e pa sa ki mal, pou nou ka viv; epi konsa, SENYÈ dèzame yo kapab avèk nou, jis jan nou te pale a!


Pa bay manti a youn lòt, akoz ke nou te mete sou kote ansyen moun nan avèk abitid mechan li yo,


Nou konnen sa, frè byeneme m yo. Men tout moun dwe gen vitès nan tande, lan nan pale, e lan nan fè kòlè.


Si yon moun panse nan tèt li ke li swiv Bondye tout tan, e malgre sa, li pa mete yon brid sou lang li, li pase pwòp tèt li nan betiz, e lafwa moun sa a vin san valè.


Paske nou tout tonbe nan plizyè sans. Si yon moun pa tonbe nan sa li di, li menm se yon moun pafè, li kapab kontwole tout kò a menm jan an.


Konsa mete sou kote tout mechanste, ak tout manti, avèk ipokrizi, lanvi ak kout lang


Sila ki pa t fè okenn peche ni okenn desepsyon pa t twouve nan bouch Li a.


跟着我们:

广告


广告