Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 33:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Avèk pawòl SENYÈ a syèl yo te fèt: pa souf a bouch Li, tout lame syèl yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 Senyè a pale, epi syèl la fèt. Li soufle ak bouch li, tou sa ki nan syèl la fèt.

参见章节 复制




Sòm 33:6
18 交叉引用  

Nan kòmansman an Bondye te kreye syèl yo ak tè a.


Alò Bondye te di: “Ke vin gen yon gran espas nan mitan dlo yo, e ke li separe dlo avèk dlo”.


Se te konsa syèl yo avèk tè a te fin fèt, avèk tout lame yo.


Alò Senyè Bondye a te fòme lòm sòti nan pousyè tè a. Li te respire souf lavi fè l vin antre nan nen l, e lòm te devni yon nanm vivan.


SENYÈ a te di: “Mwen va efase lòm ke mwen te kreye sou fas tè a, soti nan lòm jis nan tout bèt yo, ak a zwazo anlè yo. Paske mwen regrèt ke m te fè yo.”


Ak souf Li, li dekore syèl yo. Se men L ki te frennen sèpan ki t ap sove ale a.


Se Lespri Bondye ki te fè m, e souf Toupwisan an ki ban m lavi.


Ou voye Lespri Ou deyò; yo vin kreye. Konsa, Ou renouvle fas tè a.


Paske Li te pale e mond lan te fèt. Li te kòmande e li te kanpe fèm.


Pòsyon ki pou Jacob la pa konsa; paske Kreyatè a tout bagay se Li menm; e Israël se tribi eritaj Li. SENYÈ dèzame yo se non Li.


Yo va gaye yo parèt devan solèy la, lalin nan ak tout lame syèl, ke yo te renmen yo, ke yo te sèvi yo, ke yo te kouri dèyè yo, e ke yo te adore yo. Yo p ap ranmase, ni yo p ap antere; yo va rete kon fimye bèt sou sifas latè.


E lè Li te di sa, li te soufle sou yo e te di yo: “Resevwa Lespri Sen an.


Paske yo te ranplase verite Bondye a ak yon bann manti, yo te adore e sèvi kreyati a olye de Kreyatè a, ki beni pou tout tan an. Amen.


Veye ke nou pa leve zye nou vè syèl la pou wè solèy la, lalin avèk zetwal yo, avèk tout lame syèl la, e mennen pou adore ak sèvi yo, sila ke SENYÈ a, Bondye nou an, te chwazi pou tout lòt pèp anba tout syèl la.


Pa lafwa nou konprann ke mond yo te prepare pa pawòl Bondye a, pouke sa nou wè pa t fèt avèk bagay ki vizib.


Paske lè yo kalkile konsa a, sa vin chape de remak yo ke selon pawòl Bondye a, syèl yo te egziste depi lontan e latè te fòme avèk dlo e pa dlo.


跟着我们:

广告


广告