19 pou delivre nanm pa yo devan lanmò, e kenbe yo vivan nan gwo grangou.
19 L'ap rache yo anba lanmò. L'ap kenbe yo vivan lè grangou tonbe sou peyi a.
Li te bay manje a sila ki gen lakrent Li yo. Li va sonje akò Li a jis pou tout tan.
Jenn ti lyon yo konn manke manje e soufri grangou, men sila ki chache SENYÈ yo, p ap manke okenn bon bagay.
Yo p ap wont nan move tan. Nan jou gwo grangou yo, y ap jwenn kont.
Mete konfyans ou nan SENYÈ a, e fè sa ki bon. Demere nan peyi a e kiltive nan bon tè.
Nanpwen mal k ap rive ou, Ni okenn toumant k ap pwoche tant ou.
SENYÈ a p ap kite moun ladwati yo grangou, men l ap rejte lanvi mechan an.
Li va demere nan wotè yo; pwotèj pa li va nan wòch solid ke lènmi yo pa ka pwoche. Pen li va vèse bay li, e dlo li va asire.
E Mwen bay yo lavi etènèl, e yo p ap janm peri. E pèsòn p ap kab rachte yo nan men M.
Mwen avèk Papa a se youn.”
Lè Pierre te vin reflechi klè, li te di: “Koulye a mwen konnen san dout ke Senyè a te voye zanj Li pou te delivre m nan men Hérode, ak tout sa ke pèp Jwif la t ap atann.”