“Epi koulye a, ou gen entansyon fè rezistans kont wayòm SENYÈ a pa fis a David yo. Se yon gran foul nou ye, e nou gen avèk nou jenn bèf an lò ke Jéroboam te fè kòm dye pou nou.
O Bondye nou, èske Ou p ap jije yo? Paske nou san pouvwa devan gran foul sila a k ap vini kont nou an. Ni nou pa konnen kisa pou nou fè, men zye nou ap gade sou Ou.”
Paske fis Ammon yo avèk Moab yo te leve kont fis Mòn Séir yo pou te detwi yo nèt. Lè yo te fini avèk moun Mòn Séir yo, yo te asiste pou detwi youn lòt.
Konsa, SENYÈ a te voye yon zanj ki te detwi tout gwo gèrye, kòmandan ak chèf nan kan wa Assyrie a. Pou sa, li te retounen nan wont li ale nan pwòp peyi li. Epi lè li te antre nan tanp dye pa li a, kèk nan pwòp pitit pa li yo te touye li la avèk nepe.
Konsa, se pa ak pwòp nepe pa yo ke yo te posede peyi a, ni se pa pwòp bra yo ki te sove yo, men se men dwat Ou avèk bra Ou, ak limyè prezans Ou an, akoz Ou te bay yo favè.
Anplis, mwen te wè anba solèy la ke kous la pa pou moun ki rapid la, ni batay la pa pou gwo gèrye yo, ni pen pou saj la, ni richès a sila ki byen konprann nan, ni favè a moun abil; paske tan avèk jan tout bagay dewoule vin genyen yo tout.
Konsa pale SENYÈ a: “Pa kite yon nonm saj vin ògeye nan sajès li. Pa kite yon nonm pwisan vin ògeye nan fòs li, ni yon nonm rich vin ògeye nan richès li.
Nou te raboure mechanste; nou te rekòlte lenjistis. Nou te manje fwi manti a, akoz nou te mete konfyans nou nan chemen nou, nan fòs kantite gèrye pisan nou yo.
Alò, koulye a, ban m peyi ti kolin yo sa ke SENYÈ a te pale nan jou sa a. Paske ou te tande nan jou sa a ke Anakim yo te la avèk gran vil byen fòtifye. Li kapab ke SENYÈ a va avè m, e mwen va chase yo sòti ladann jan SENYÈ a te pale a.”
SENYÈ a te di a Gédéon: “Pèp la ki avèk ou a twòp pou M ta delivre Madian nan men yo, paske Israël ta vin ògeye, e di: ‘Se pouvwa mwen ki delivre mwen.’
Alò, SENYÈ a te di a Gédéon: “Pèp la twòp toujou. Mennen yo desann kote dlo a, e Mwen va pase yo a leprèv pou ou la. Konsa li va ye ke si M di ou: ‘Sila a prale avè w’, l ap prale; men a tout sila ke M di w: ‘Sila a pa prale’, li pa prale.”