Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 32:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Anpil se tristès a mechan yo, men sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a, se lanmou dous ki va antoure li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 Mechan yo gen pou yo soufri anpil. Men, Senyè a ap toujou pwoteje moun ki met konfyans yo nan li paske li renmen yo.

参见章节 复制




Sòm 32:10
20 交叉引用  

Sou mechan yo, Li va voye chabon cho tankou lapli; dife avèk souf avèk chabon brile va mele nan bwason yo.


Sila ki bay kout lang yo pap vin etabli sou latè. Mal la va kouri vit dèyè moun vyolans lan.


A la beni sila ki gen sekou nan Bondye Jacob la beni, sila ki mete espwa li nan SENYÈ a, Bondye li a,


SENYÈ a bay favè a sila ki krent Li yo, sila ki tann lanmou dous Li yo.


Doulè a sila ki te fè donn a yon lòt dye va vin ogmante; Mwen p ap vin vide ofrann bwason san pa yo, ni non yo p ap sòti sou lèv mwen.


Fè omaj a Fis la, pou L pa vin fache, epi ou ta mouri nan chemen an. Paske gwo chalè Li kab limen ase vit. A la beni se tout sila ki kache nan Li.


O goute e wè ke Bondye bon. A la beni nonm ki kache nan Li a beni!


A la beni se nonm ki mete konfyans li nan SENYÈ a, e ki pa t vire vè moun ògèy yo, ni a sila ki vin vire nan sa ki fo yo.


Paske se Ou menm ki beni nonm ki dwat la, O SENYÈ, Ou ki antoure li avèk gras Ou, tankou yon boukliye.


O SENYÈ dèzame yo! A la moun ki mete konfyans li nan Ou a beni!


Se malè ki kouri dèyè pechè yo; men moun dwat yo va pwospere.


Sila ki bay atansyon a pawòl la va jwenn sa ki bon; beni se sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a.


Malgre yon pechè fè mal san fwa e mennen yon vi ki long, mwen toujou konnen ke sa prale byen pou sila ki gen lakrent Bondye yo, ki gen lakrent devan L yo.


Malè a mechan an! Sa prale mal pou li. Paske sa li merite a, se sa k ap rive li.


“Nanpwen lapè” Bondye Mwen an di: “pou mechan yo”.


Paske lanmou lajan se yon rasin a tout kalite mechanste, e kèk moun, akoz gwo lanvi pou li, gen tan vin egare soti nan lafwa e pèse pwòp tèt yo ak anpil gwo doulè.


跟着我们:

广告


广告