Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 31:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Panche zòrèy W bò kote mwen. Delivre mwen byen vit. Devni pou mwen wòch ki ban m fòs, yon sitadèl ki pou sove m.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 (3) Panche zòrèy ou bò kote m, prese vin delivre mwen. Se ou menm ki twou wòch kote m ka jwenn pwoteksyon. Se ou menm ki pou sèvi m ranpa. Se ou menm ki pou delivre m.

参见章节 复制




Sòm 31:2
24 交叉引用  

Bondye mwen an, wòch mwen an, nan sila mwen twouve pwotèj la; boukliye e kòn delivrans mwen, sitadèl mwen ak refij mwen. Se konsa mwen va sove devan ledmi mwen yo.


Poukisa konsa Ou pa padone transgresyon mwen yo, e retire inikite mwen yo? Paske koulye a, mwen va kouche nan pousyè a; Ou va chache pou mwen, men m p ap la ankò.”


Pa kache figi Ou sou mwen nan jou gwo twoub mwen an; Panche zòrèy Ou bò kote m. Nan jou ke m rele Ou a, reponn mwen vit.


SENYÈ, koute vwa mwen! Kite zòrèy Ou rete atantif a vwa siplikasyon mwen yo.


Reponn mwen vit, O SENYÈ, lespri m vin febli; Pa kache figi Ou sou mwen, oswa mwen va vini kon sila ki desann nan fòs yo.


O Bondye mwen, nan Ou, mwen mete konfyans mwen. Pa kite mwen vin wont; pa kite lènmi m yo fè fèt sou mwen.


Akoz mwen aflije e nan gwo bezwen, kite SENYÈ a toujou sonje mwen. Se Ou menm ki soutyen mwen ak delivrans mwen. Pa fè reta, O Bondye mwen an.


Sali mwen an, avèk glwa mwen rete nan Bondye. Wòch fòs mwen an, ak kote pou m kache, se nan Bondye.


Pa kache figi Ou de sèvitè Ou a, paske mwen nan gwo pwoblèm. Reponn mwen vit.


sof ke li ta chire nanm mwen tankou yon lyon, epi rale m akote pandan pa gen moun pou delivre m.


O Bondye, nasyon yo te anvayi eritaj Ou a. Yo te souye sen tanp Ou an. Yo te fè Jérusalem kouche nan yon pil ranblè.


Prete m zòrèy Ou, O SENYÈ e reponn mwen. Paske mwen aflije e malere.


Senyè, se te kote Ou, lakay nou te ye pandan tout jenerasyon yo.


Paske ou te fè SENYÈ a, vin sekou ou, menm Pi Wo a, kote pou ou rete.


Men SENYÈ a se toujou sitadèl mwen e Bondye mwen an, wòch ki pwoteje mwen an.


Apiye zòrèy ou pou tande pawòl a saj yo; epi aplike ou a konesans mwen.


Li va demere nan wotè yo; pwotèj pa li va nan wòch solid ke lènmi yo pa ka pwoche. Pen li va vèse bay li, e dlo li va asire.


“Mwen di nou ke Li va fè jistis pou yo byen vit. Sepandan lè Fis a Lòm nan vini, èske Li va twouve lafwa sou latè?”


“Moun ki manje chè M epi bwè san Mwen, rete avè M, epi Mwen menm avèk li.


Anverite, wòch pa yo a pa tankou Wòch nou an. Menm lènmi nou yo kapab jije sa.


Pèsòn pa janm wè Bondye nan okenn tan. Si nou gen lamou youn pou lòt, Bondye rete nan nou, epi lamou Li vin konplete nan nou.


跟着我们:

广告


广告