17 Pa kite mwen fè wont, O SENYÈ, paske se Ou ke m rele.
17 (18) M'ap rele ou, Senyè. Pa kite m pran wont. Se mechan yo ki pou wont. Se pou yo mouri san di krik.
Mò yo pa louwe SENYÈ a, ni sila ki desann antre nan silans yo.
Nan Ou menm, SENYÈ, mwen kache. Pa janm kite mwen vin wont. Nan ladwati Ou, delivre mwen.
Yo te gade vè Li, e te vin ranpli ak limyè. Figi yo p ap janm wont.
Kite sila ki rejwi nan gwo twoub mwen yo wont. Kite sila ki leve yo menm sou mwen yo vin abiye ak wont avèk imilyasyon.
Kite sila k ap chache lavi m yo vin wont e dezonere. Kite sa yo ki anvizaje mal pou mwen Vire do fè bak plen imiliyasyon.
Ou te mete lajwa nan kè m plis pase lè gwo rekòlt sereyal mi ak diven nèf vin parèt.
Tout lènmi mwen yo va wont e deranje nèt. Yo va vire fè bak sibitman. Yo va vin wont anpil.
Lang mwen, anplis, va pale ladwati Ou tout lajounen. Paske yo wont, yo imilye, Sila ki te chache fè m mal yo.
O Bondye dèzame yo, pou konbyen de tan Ou va fache kont lapriyè a pèp Ou a?
Ou te rachte yon pye rezen soti an Égypte. Ou te chase mete nasyon yo deyò pou te plante li la.
Si SENYÈ a pa t sekou mwen, nanm mwen ta fin abite nan andwa silans lan.
Men SENYÈ a avè m kon yon ewo fewòs. Akoz sa, pèsekitè mwen yo va tonbe vin fè bak. Yo p ap reyisi. Yo va wont nèt akoz yo fè fayit, ak yon wont ki p ap janm pase, ki p ap janm bliye.
Anpil nan sila ki dòmi nan pousyè latè yo va leve, yon pati pou lavi etènèl yo, men lòt yo pou gwo wont ak mepriz ki p ap janm fini.
L ap pwoteje pye a sen Li yo; men, mechan yo va jwenn silans nan tenèb la; paske se pa pa lafòs ke yon nonm vin reyisi.