Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 31:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Paske lavi m fin pase nèt ak gwo doulè m, ane mwen yo avèk soupi. Fòs mwen fin ale akoz inikite m. Kò mwen fin epwize.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 (11) Mwen pase tout lavi m ap soufri, se tout tan m'ap plenn. Mwen santi m'ap febli paske mwen fè twòp move bagay. Tout zo nan kò m ap fè m mal.

参见章节 复制




Sòm 31:10
12 交叉引用  

Paske soupi mwen yo parèt menm moman manje a rive devan ze m. Epi kri mwen yo vide tankou dlo.


Pou konbyen de tan mwen va oblije depann sou pwòp konsèy tèt mwen, ak tristès nan kè m tout lajounen? Jiskilè lènmi m va vin leve wo sou mwen?


Tande, O SENYÈ, lè m kriye avèk vwa m. Fè m gras e reponn mwen.


Nanpwen anyen ki ansante nan chè m, akoz endiyasyon Ou. Nanpwen lasante nan zo m yo akoz peche mwen.


Avèk repwòch, Ou fè chatiman a yon nonm pou inikite li. Ou manje tankou mit nan rad sa ki konsidere pi chè pou li menm nan. Anverite, tout moun se sèlman yon souf.


Sòti sou mwen, nou tout ki fè mechanste yo, paske SENYÈ a te tande gwo kri mwen.


Pa jete mwen akote nan tan vyeyès mwen. Pa abandone mwen lè fòs mwen vin febli.


Akoz sa, Li te fè jou yo fini mal, e ane yo nan laperèz sibit.


Mwen te aflije e prèt pou mouri depi nan jenès mwen. Pandan mwen soufri gwo laperèz Ou yo, mwen distrè nèt.


ke mwen gen yon gran tristès ak doulè san rete nan kè mwen.


跟着我们:

广告


广告