Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 30:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Alò, pou mwen, mwen te di nan bon tan mwen, “Mwen p ap janm ebranle.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 (7) Mwen te santi kè m poze, se sa k fè mwen t'ap di: — Anyen p'ap janm rive m.

参见章节 复制




Sòm 30:6
12 交叉引用  

Li di a pwòp tèt li: “Mwen p ap ebranle menm; Pandan tout jenerasyon yo, mwen p ap gen pwoblèm ditou.”


Kenbe mwen pou m kab jwenn sekou, pou m gen konsiderasyon pou règleman Ou yo tout tan.


Sila ki soti ap kriye akoz chàj makout semans lan. Men l ap retounen ankò ak kri lajwa, akoz chàj pakèt rekòlt l ap pote a.


Li pa vèse bay lajan li avèk enterè, ni li pa aksepte yon kado anba tab kont inosan an. Sila ki fè bagay sa yo p ap janm ebranle.


Mwen te mete SENYÈ a devan zye m tout tan. Akoz Li se men dwat mwen, mwen p ap ebranle menm.


Malgre, ou te di: ‘Se rèn ke m ap ye jis pou tout tan.’ Bagay sila yo, ou pa t konsidere yo, ni sonje kote yo t ap rive.


“Pou yon ti tan kout, Mwen te kite ou; men ak gran konpasyon, Mwen va ranmase ou.


“Vini”, yo di: “Annou twouve diven; annou bwè anpil bwason fò. Epi demen na p fè menm jan ak jodi a! Plis menm!”


Wa a te reflechi e te di: “Èske se pa Gran Babylone sa a, ke m te bati kon yon rezidans wayal pa fòs pouvwa mwen an, e pou glwa a pwòp majeste mwen an?”


Epi mwen va di a nanm mwen: ‘Nanm, ou gen anpil byen rezève pou anpil ane; pran repo ou, manje, bwè, e rejwi ou.’”


Akoz grandè a revelasyon yo depase tout bagay, pou rezon sa a, pou anpeche m vante tèt mwen, mwen te resevwa yon pikan nan chè a, yon mesaje Satan pou toumante mwen, pou anpeche mwen vante tèt mwen.


跟着我们:

广告


广告