Epi koulye a, tèt mwen va vin leve wo sou lènmi m ki antoure m yo. Konsa, mwen va ofri nan tant Li sakrifis avèk gwo kri lajwa. Mwen va chante, wi, mwen va chante lwanj a SENYÈ a.
Yon fwa, Ou te pale nan yon vizyon a fidèl Ou yo. Ou te di: “Mwen te bay soutyen a yon moun ki pwisan. Mwen te fè leve yon jenn nom ki te chwazi pami pèp la.