Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 29:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Bay a SENYÈ a, glwa ke non Li merite a. Adore SENYÈ a avèk tout sa ki sen.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Fè lwanj non Senyè ki gen pouvwa a! Adore Senyè a nan bèl kay ki apa pou li a!

参见章节 复制




Sòm 29:2
11 交叉引用  

Lè li te fin konsilte pèp la, li te chwazi sila ki te chante a SENYÈ yo avèk sila ki te fè louwanj nan vètman sen yo, pandan yo t ap sòti devan lame a. Yo t ap di: “Bay remèsiman a SENYÈ a, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.”


Pèp Ou a va sèvi ak bòn volonte nan jou pouvwa Ou yo. Yo parèt an sentete, soti nan zantray maten an; ak jennes Ou, tankou lawouzaj gran maten an.


Yon sèl bagay ke m te mande a SENYÈ a; se li mwen va chache: pou m ta kab rete lakay SENYÈ a tout jou lavi m yo, pou m kab gade bèlte SENYÈ a, e reflechi jis nan fon kè m nan tanp Li an.


Kite favè SENYÈ a, Bondye nou an, vini sou nou, epi konfime pou nou menm, zèv men nou yo. Wi, konfime zèv men nou yo.


Tout bèlte ak majeste devan L. Pwisans ak bèlte rete nan sanktiyè Li a.


Paske Ou menm se SENYÈ Pi Wo a sou tout latè. Ou leve pi wo anpil pase tout dye yo.


Bay glwa a SENYÈ a, Bondye nou an, avan li pote fènwa, avan pye nou vin glise tonbe sou mòn k ap plen tenèb yo; pou pandan nou ap tann limyè, Li pa fè l antre nan fènwa lanmò a pou l rive nan tenèb ki san espwa.


跟着我们:

广告


广告