Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 28:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Tande vwa a siplikasyon mwen yo lè m kriye a Ou menm pou sekou, lè m leve men m vè sanktiyè sen Ou an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Tande m non, lè m'ap rele ou, lè m'ap mande ou sekou. Koute m non, lè mwen leve de bra m nan direksyon kay ki apa pou ou a.

参见章节 复制




Sòm 28:2
21 交叉引用  

Li te prepare yon sanktyè enteryè anndan kay la pou l te kab plase la, lach akò SENYÈ a.


Kont mi kay la, li te bati etaj won ki te antoure mi kay la nèt, ni pa devan, avèk sanktyè enteryè a; konsa, li te fè chanm yo toupatou.


nenpòt lapriyè oswa siplikasyon ki fèt pa nenpòt moun, oswa pa tout pèp Israël yo, chak moun ki konnen afliksyon nan pwòp kè pa li, e ki leve men l ouvri vè kay sila a;


Alò, Salomon te fè yon etaj an bwonz, senk koude nan longè, senk koude nan lajè ak twa koude nan wotè e li te plase li nan mitan gran lakou a. Epi li te kanpe sou li, li te mete li ajenou nan prezans a tout asanble Israël la, e li te lonje men li vè syèl la.


Men pou sila ki vire akote pou chemen kwochi pa yo, SENYÈ a va mennen yo sòti avèk sila ki fè inikite yo. Ke lapè rete sou Israël.


SENYÈ, koute vwa mwen! Kite zòrèy Ou rete atantif a vwa siplikasyon mwen yo.


Leve men nou vè sanktiyè a, e beni SENYÈ a.


Mwen va pwostène mwen vè sen tanp Ou a, e bay remèsiman a non Ou pou lanmou dous Ou ak verite Ou a; Paske Ou te bay glwa a Non ak Pawòl Ou plis ke tout bagay.


Mwen te di a SENYÈ a: “Se Ou ki Bondye mwen.” Bay zòrèy, O SENYÈ, a vwa a siplikasyon mwen yo.


O SENYÈ, mwen rele non Ou. Fè vit! Vin kote m! Prete zòrèy Ou a vwa mwen lè m rele Ou!


Ke lapriyè mwen kapab konte kon lansan devan Ou; lè m leve men m, kon sakrifis ofrann aswè a.


Mwen lonje men m vè Ou menm. Nanm mwen fè gwo anvi pou Ou, kon yon peyi deseche.


Men pou mwen, pa gran lanmou dous Ou a mwen va antre lakay Ou. Nan tanp sen Ou an mwen va pwostène mwen nèt an adorasyon.


Pou sa, mwen va beni Ou tout tan ke m viv. Mwen va leve men m nan non Ou.


Leve, kriye fò nan nwit lan, nan kòmansman vèy nwit lan! Vide kè ou konsi se dlo devan prezans Senyè a. Leve men ou a Li menm pou lavi pitit ou yo ki fèb nèt ak grangou sou tèt a tout ri yo.


Alò, lè Daniel te konnen ke dokiman an te fin siyen, li te lantre lakay li (alò, nan chanm anwo a, te gen fenèt ki te ouvri vè Jérusalem), epi li te mete li sou jenou li twa fwa pa jou, pou fè lapriyè, e bay remèsiman devan Bondye li a, jan li te kon fè oparavan an.


Alò, mesye sila yo te reyini ansanm e yo te vin jwenn Daniel ki t ap fè petisyon ak siplikasyon li devan Bondye li a.


Konsa, mwen vle moun tout kote priye; vin leve men sen yo, san kòlè ak doute.


跟着我们:

广告


广告