Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 27:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Pa kache figi Ou de mwen. Pa detounen sèvitè Ou a pa deyò nan kòlè Ou. Se Ou ki konn sekou mwen. Pa abandone mwen, ni kite m sèl, O Bondye delivrans mwen an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Pa vire do ban mwen. Pa fache, pa repouse moun k'ap sèvi ou la. Se ou ki tout sekou mwen. Pa kite m pou kont mwen, pa lage m.

参见章节 复制




Sòm 27:9
23 交叉引用  

“Epi pou ou menm, fis mwen an, Salomon, fè konesans a Bondye papa ou a e sèvi li avèk tout kè ou e avèk bòn volonte; paske SENYÈ a chache nan tout kè yo e byen konprann entansyon a tout panse yo. Si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va rejte ou jis pou tout tan.


Pa kache figi Ou sou mwen nan jou gwo twoub mwen an; Panche zòrèy Ou bò kote m. Nan jou ke m rele Ou a, reponn mwen vit.


Paske jou m yo te manje nèt nan lafimen, e zo m te chofe tankou yon chemine.


Mwen te fè sa ki jis e dwat. Pa kite mwen nan men opresè mwen yo.


Jiskilè SENYÈ? Èske Ou ap bliye mwen jis pou tout tan? Pou konbyen de tan, Ou va kache figi Ou de mwen?


Reponn mwen vit, O SENYÈ, lespri m vin febli; Pa kache figi Ou sou mwen, oswa mwen va vini kon sila ki desann nan fòs yo.


Li va resevwa yon benediksyon soti nan SENYÈ a, ak ladwati soti nan Bondye delivrans li an.


Poukisa Ou kache figi Ou e bliye ke n ap soufri e oprime?


Pa jete mwen lwen prezans Ou e pa retire Lespri Sen Ou an sou mwen.


Pa kache figi Ou de sèvitè Ou a, paske mwen nan gwo pwoblèm. Reponn mwen vit.


Rale nanm mwen pre. Rachte l! Rachte mwen akoz lènmi mwen yo!


O SENYÈ, Bondye sali mwen an, Mwen te kriye fò lajounen kon lannwit devan Ou.


Konsa pale SENYÈ a: “Kote sètifika divòs ak sila Mwen te voye manman ou ale a? Oswa èske Mwen te vann ou bay ou yo? Gade byen, ou te vann akoz inikite ou yo, e manman ou te voye ale akoz transgresyon ou yo.


Men se inikite nou yo ki fè nou separe ak Bondye nou an, e se peche nou yo ki te kache figi Li de nou menm, pou Li pa tande.


Mwen va fè yon akò k ap pou tout tan nèt avèk yo, ke Mwen p ap vire kite yo, pou fè yo byen. Konsa Mwen va mete lakrent Mwen anndan kè yo pou yo pa vire kite Mwen.


Fè si ke karaktè nou lib de lanmou lajan, e nou rete kontan avèk sa ke nou genyen, paske Li menm te di: “Mwen p ap janm kite nou, ni abandone nou,”


Alò, Samuel te pran yon gwo wòch, e li te poze li antre Mitspa ak Schen e li te ba li non a Ében-Ézer. Li te di: “Jis rive la, SENYÈ a te ede nou.”


跟着我们:

广告


广告