Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 27:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Enstwi mwen nan chemen Ou, O SENYÈ. Mennen m nan yon wout ki a nivo, akoz lènmi mwen yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 Senyè, moutre m jan ou vle m viv la. Fè m mache nan chemen ki pa gen move pa a, paske mwen gen anpil lènmi k'ap veye m.

参见章节 复制




Sòm 27:11
22 交叉引用  

Ak tout kè mwen, mwen te chache Ou. Pa kite mwen vin egare e kite lòd Ou yo.


Konsa, wè si gen okenn move chemen nan mwen e mennen mwen nan chemen etènèl la.


Kilès nonm nan ki gen krent SENYÈ a? Li va enstwi li nan chemen li ta dwe chwazi a.


Li dirije enb yo nan jistis, e Li va enstwi enb yo nan chemen Li.


Pye m kanpe sou yon plas byen plat. Nan asanble a, mwen va beni SENYÈ a.


O SENYÈ, mennen m nan ladwati Ou akoz lènmi mwen yo. Fè chemen Ou dwat devan mwen.


Nanpwen anyen stab nan pawòl pa yo. Anndan yo se pouriti menm. Gòj yo se yon tonm ki louvri. Yo fè flatè ak lang yo.


Li va rekonpanse mal a lènmi mwen yo. Detwi yo nan fidelite Ou.


Yo fè manèv pou enjistis e di: “Nou prè pou yon konplo byen fòme”. Paske panse lenteryè a moun se byen fon.


Montre m chemen Ou an, O SENYÈ. Mwen va mache nan verite Ou. Fè kè m dispoze pou krent non Ou.


Wout a parese a se tankou yon ran pikan; men pa a moun dwat la se yon gran chemen.


Yo byen dwat pou sila ki konprann nan, e kòrèk pou sila ki jwenn konesans lan.


Yon gran chemen va la, yon gran ri. Li va rele Chemen Sen an. Sila ki pa pwòp p ap vwayaje sou li, men li va sèvi pou sila ki mache nan Chemen an. Moun mechan ak enpridan an pa p mache la.


Paske mwen tande detripe nan zòrèy anpil moun: “Danje, danje toupatou! Denonse! Wi, annou denonse li!” Tout zanmi m ke m kon fè konfyans yo, k ap tann pou yo wè lè mwen tonbe, ap di: “Petèt nou ka mennen l, pou nou ka vin enpoze nou sou li e konsa, nou va pran vanjans sou li.”


Donk yo te veye li, e te voye espyon ki te pretann ke se te moun jis yo te ye, pou yo ta kapab kenbe Li nan yon pawòl, pou yo ta kab livre Li devan lalwa a ak otorite gouvènè a.


跟着我们:

广告


广告