Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 22:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 Aflije yo va manje e va satisfè. Sila ki chache Li yo, va louwe SENYÈ a. Ke kè Ou kapab viv jis pou tout tan!

参见章节 复制

1998 Haïtienne

26 (27) Pòv yo va manje mezi yo kapab. Moun k'ap chache Senyè a va fè lwanj li. Y'a viv ak kè poze pou tout tan.

参见章节 复制




Sòm 22:26
15 交叉引用  

Konsa, David te beni SENYÈ a devan zye a tout asanble a. David te di: “Beni se Ou menm, O SENYÈ a, Bondye Israël la, papa nou, jis pou tout tan e tout tan.


Paske Li te satisfè nanm swaf la, e nanm grangou a, Li te ranpli li ak sa ki bon.


Mwen va peye tout ve mwen yo anvè SENYÈ a. Wi, nan prezans tout pèp Li a!


Mwen va peye ve mwen yo a SENYÈ a. Wi, kite l fèt nan prezans a tout pèp Li a!


Mwen pa t kache ladwati Ou anndan kè m. Mwen te pale selon fidelite Ou, avèk sali Ou. Mwen pa t kache lanmou dous Ou avèk verite Ou devan gran asanble a.


Kite tout sila ki wè Ou yo rejwi e fè kè kontan nan Ou. Kite tout sila ki renmen sali Ou yo pale tout tan: “Ke SENYÈ a kapab leve wo!”


Ofri a Bondye yon sakrifis remèsiman e peye ve ou yo a Pi Wo a.


Enb yo te wè sa e yo kontan. Nou menm ki chache Bondye, kite kè nou reprann fòs.


SENYÈ dèzame yo va prepare yon gwo bankè pou tout pèp sou mòn sa a; yon bankè diven rasi, mòso chwazi ak mwèl zo, diven byen rafine.


Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, sèvitè Mwen yo va manje, men nou va rete grangou. Gade byen, sèvitè Mwen yo va bwè, men nou va rete swaf. Gade byen, sèvitè Mwen yo va rejwi, men nou va twouve gwo wont.


Epi SENYÈ a te kòmande pwason an e li te vomi Jonas sou tè sèch la.


Men nenpòt moun ki bwè dlo ke Mwen bay li a, p ap janm swaf. Men dlo ke Mwen bay li a ap vini nan li tankou yon pwi k ap bay dlo jiska lavi etènèl.”


跟着我们:

广告


广告