Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 22:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Mwen va pale non Ou a frè m yo. Nan mitan asanble a, mwen va louwe Ou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

22 (23) M'a di frè m yo tout sa ou te fè pou mwen. M'a fè lwanj ou lè yo tout reyini ansanm.

参见章节 复制




Sòm 22:22
11 交叉引用  

Se depi a Ou menm ke lwanj mwen sòti nan gran asanble a; Mwen va akonpli ve mwen yo devan sila ki krent Li yo.


Mwen va bay Ou remèsiman, O SENYÈ, pami pèp yo. Mwen va chante lwanj ou pami nasyon yo.


“Konsa, wa a va reponn yo: ‘Anverite, Mwen di nou menm jan ke nou te fè li a youn nan frè Mwen yo, nou te fè l a Mwen menm tou.’


Jésus te di yo: “Pa pè. Ale di frè M yo pati pou rive nan Galilée. La, yo va wè m.”


Jésus te di li: “Pa touche M, paske Mwen poko monte jwenn Papa M. Men ale bò kote frè M yo e di yo ke ‘Mwen monte a Papa Mwen, e Papa pa w, Bondye Mwen, e Bondye Pa w.’”


Paske sila ke Li te konnen oparavan yo, Li te chwazi yo depi avan pou vin konfòm a limaj a Fis Li a, pou Li ta kapab premye ne pami anpil frè.


跟着我们:

广告


广告