20 Delivre nanm mwen devan nepe a, lavi mwen devan pouvwa a chen an.
20 (21) Pa kite yo touye m ak kout nepe. Pa kite chen yo devore m.
Leve, O SENYÈ, konfwonte li e bese li; Delivre nanm mwen de mechan yo avèk nepe Ou,
SENYÈ, jiskilè Ou va kontinye gade bagay sa a konsa? Sove nanm mwen kont ravaj yo, Sèl lavi mwen genyen kont lyon yo.
Kite sila yo vin wont e imilye ansanm, sila ki chache lavi mwen pou detwi li. Kite sila yo vire fè bak e dezonore, sila ki pran plezi nan fè m mal yo.
Rale nanm mwen pre. Rachte l! Rachte mwen akoz lènmi mwen yo!
O SENYÈ mwen, si mwen menm te fè sa, si gen enjistis nan men m,
Kite sila k ap chache lavi m yo vin wont e imilye. Kite sila ki pran plezi nan fè m mal yo vire fè bak ak dezonè.
“Leve, O nepe, kont bèje Mwen an, e kont nonm nan ki byen pre M,” deklare SENYÈ dèzame yo. Frape bèje a pou mouton yo ka gaye; epi Mwen va vire men M kont jenn ti piti yo.