19 Men Ou menm, O SENYÈ, pa rete lwen! Ou menm, sekou mwen, fè vit, vin rive ede m!
19 (20) Pa rete lwen m konsa, Senyè. Ou menm ki tout fòs mwen, prese vin pote m sekou.
Poukisa Ou kanpe tèlman lwen, O Senyè? Poukisa Ou kache Ou menm nan tan twoub yo?
Mwen renmen Ou, O SENYÈ, fòs mwen.
O SENYÈ, nan fòs Ou, Wa a va fè kè kontan. Nan delivrans Ou, ki gran rejwisans li va gen!
Pa rete lwen mwen, paske gwo twoub la toupre. Paske nanpwen moun ki pou ede m.
Fè l plezi Ou, O SENYÈ, pou delivre mwen. Fè vit, O SENYÈ, pou ede mwen.
Akoz mwen aflije e nan gwo bezwen, kite SENYÈ a toujou sonje mwen. Se Ou menm ki soutyen mwen ak delivrans mwen. Pa fè reta, O Bondye mwen an.
Men mwen aflije e mwen nan nesesite. Fè vit vin kote mwen, O Bondye! Se Ou menm ki sekou mwen ak delivrans mwen. O SENYÈ, pa mize.