Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 22:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Fòs mwen vin sèch tankou cha kanari. Lang mwen kole akote nan bouch mwen. Ou fè m kouche nan pousyè lanmò a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

15 (16) Fòs mwen ap cheche, tankou labou nan solèy. Lang mwen kole nan fon bouch mwen. Mwen santi m prèt pou mouri.

参见章节 复制




Sòm 22:15
22 交叉引用  

Epi Abraham te reponn: “Alò gade byen, mwen te tante pale ak SENYÈ a, malgre mwen pa plis ke pousyè avèk sann.


Avèk swè figi ou, ou va manje pen, jiskaske ou retounen nan tè a, paske ladann ou te sòti. Paske se pousyè ou ye, e se nan pousyè ou va retounen.”


Paske anverite, nou va mouri. Se tankou dlo ki gaspiye atè e ki p ap kab ranmase ankò. Men Bondye pa retire lavi, men toujou fè plan pou sila ki ekzile a pa vin jete deyò nèt de Li menm.”


Sonje, souple, ke Ou te fè m kon ajil. Èske Ou ta fè m retounen pousyè ankò?


Zo m yo kole sou po m ak chè m; se sèl pa po dan m ke m chape lanmò.


Vwa a moun pwisan yo te rete, e lang yo te kole anlè nan bouch yo.


Konsa, koulye a nanm mwen vide nèt. Jou afliksyon yo sezi m.


Tout chè ta peri ansanm, e lòm ta retounen nan pousyè.


Poukisa konsa Ou pa padone transgresyon mwen yo, e retire inikite mwen yo? Paske koulye a, mwen va kouche nan pousyè a; Ou va chache pou mwen, men m p ap la ankò.”


Ou kache figi Ou, e yo chagren nèt. Ou retire lespri yo; yo mouri e yo retounen nan pousyè yo.


“Ki benefis ki genyen nan san mwen si mwen desann nan gwo fòs la? Èske pousyè a kab louwe Ou? Èske li va deklare fidelite Ou?


Kè m bat fò, fòs mwen kite m. Menm limyè a zye m, menm sa fin kite mwen.


Anplis, yo te ban mwen fyèl kon manje ak vinèg pou swaf mwen.


Mwen fatige nèt ak kriye mwen an. Gòj mwen sèk nèt. Zye m varye pandan mwen ap tann Bondye mwen an.


Yon kè kontan se bon remèd; men yon lespri brize seche tout zo.


Konsa, Mwen va bay Li yon pòsyon ak gwo moun yo. Li va divize piyaj ak moun pwisan yo, akoz Li te livre nanm Li menm a lanmò, e Li te konte avèk malfektè yo; malgre Li te pote peche a anpil moun, e te entèsede pou koupab yo.


Lang a ti bebe a kole nan fon bouch yo, tèlman yo swaf; ti piti yo mande pen, men pèsòn pa kase bay yo.


Anpil nan sila ki dòmi nan pousyè latè yo va leve, yon pati pou lavi etènèl yo, men lòt yo pou gwo wont ak mepriz ki p ap janm fini.


Konsa, Jésus te kriye ankò avèk yon vwa fò, e te kite nanm Li sòti.


Apre sa Jésus, byen konnen ke tout bagay te deja acheve, pou Lekriti a ta kapab akonpli, te di: “Mwen swaf.”


Paske mwen te livre a nou kon bagay ki pi enpòtan nan sa ke mwen osi te resevwa a, ke Kris la te mouri pou peche nou yo selon Ekriti sen yo,


跟着我们:

广告


广告