Konsa, san yo va retounen sou tèt Joab avèk tèt desandan li yo pou tout tan. Men a David avèk desandan li yo, lakay li ak twòn li an, pou kapab gen lapè soti nan SENYÈ a pou tout tan.”
Epi li te mennen fè parèt deyò fis a wa a e te mete kouwòn nan sou tèt li, avèk temwen an; epi yo te fè li wa e te onksyone li. Yo te bat men yo e te di: “Viv wa a!”
Wi, se Li menm ki va bati tanp SENYÈ a. Li va pote laglwa, e Li va chita pou gouvène sou twòn Li an. Konsa, Li va yon prèt ki chita sou twòn Li, e konsey lapè a va antre yo de (2).’”