Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 20:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Genyen kèk ki fè konfyans nan cha yo, e kèk nan cheval yo, Men nou va fè konfyans nan non SENYÈ a, Bondye nou an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 (8) Gen moun ki mete konfyans yo nan machin pou fè lagè. Gen lòt moun, se nan chwal yo yo mete konfyans yo. Men nou menm, se nan pouvwa Senyè a, Bondye nou an, nou mete konfyans nou.

参见章节 复制




Sòm 20:7
17 交叉引用  

Men Siryen yo te sove ale devan Israël. David te touye sèt-san mèt a cha Siryen, karant-mil chevalye e te frape fè desann Schobac, kòmandan lame pa yo a, e li te mouri la.


David te kaptire soti nan men li, mil-sèt-san chevalye avèk ven-mil sòlda a pye. Li te koupe jarèt a cheval cha yo, men li te konsève kont nan yo pou rale yon santèn cha.


Lè fis Israël yo te fin sove ale devan Juda, Bondye te livre yo nan men yo.


Konsa, Asa te rele SENYÈ a, Bondye li a. Li te di: “SENYÈ, nanpwen lòt sof ke Ou menm pou ede pami pwisan yo, ak sila ki san fòs. Pou sa, ede nou, O SENYÈ, Bondye nou an; paske nou mete konfyans nan Ou, e nan non Ou, nou te vini kont gran foul sila a. O SENYÈ, se Ou ki Bondye nou an. Pa kite lòm pran viktwa kont Ou menm.”


Avèk li menm, se yon bra fèt an chè; men avèk nou, se SENYÈ Bondye pa nou an, pou ede nou goumen nan batay nou yo.” Konsa, pèp la te konte sou pawòl a Ézéchias yo, wa Juda a.


Èske ou va fè l konfyans akoz gran fòs li, e kite l responsab travay ou?


SENYÈ a se fòs yo. Li se yon defans pou sove onksyone Li yo.


Mwen va fè non Ou sonje nan tout jenerasyon yo. Akoz sa, tout pèp yo va bay Ou remèsiman pou tout tan e pou tout tan.


Cheval la prepare pou jou batay la; men viktwa a se nan men SENYÈ a.


Nou te di: “Non, paske nou va sove ale sou cheval”. Akoz sa, nou va sove ale! "Nou va sove ale ak tout vitès”. Konsa, sila ki kouri dèyè ou va vini byen rapid.


Malè a sila ki desann Égypte pou sekou yo, ki depann de cheval yo, ki fè konfyans a cha yo paske yo anpil, ak nan chevalye yo paske yo tèlman fò; men yo pa gade sou Sila Ki Sen an Israël la, ni chache SENYÈ a!


Konsa pale SENYÈ a: “Modi se moun ki mete konfyans nan lòm, ki fè lachè vin fòs li, ak kè a sila ki tounen lwen SENYÈ a.


Filisten yo te rasanble pou goumen avèk Israël; trant-mil cha avèk si-mil chevalye ak kantite moun ki te tankou sab ki bò lanmè. Anpil konsa, e yo te vin monte pou te fè kan nan Micmasch, nan lès a Beth-Aven.


Sila ki fè lènmi avèk SENYÈ a va kraze nèt. Kont yo Li va gwonde depi nan syèl yo. SENYÈ a ki va jije, jis rive nan tout ekstremite latè yo. Konsa, Li va bay kouraj a wa Li; Li va fè leve wo kòn onksyon pa Li a.”


跟着我们:

广告


广告