Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 19:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Kite pawòl bouch mwen a avèk refleksyon kè m vin akseptab devan zye Ou, O SENYÈ, wòch mwen, ak sovè mwen an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 (15) Senyè, se ou ki twou wòch kote m kache a, se ou ki delivrans mwen, mwen mande ou pou pawòl ki sòti nan bouch mwen, ak lide k'ap travay nan tèt mwen fè ou plezi.

参见章节 复制




Sòm 19:14
21 交叉引用  

Men pou mwen, mwen konnen ke Redanmtè mwen an vivan. Epi apre tout sa a, li va vin kanpe sou latè.


Kite refleksyon mwen yo fè L plezi. Pou kont mwen, mwen va kontan nan SENYÈ a.


O aksepte ofrann bòn volonte a bouch mwen an, O SENYÈ, enstwi mwen nan òdonans Ou yo.


O Mèt mwen an, ouvri lèv mwen pou m kab deklare lwanj Ou.


Sakrifis a mechan an abominab a SENYÈ a; men lapriyè moun dwat yo se gwo plezi Li.


Konsa pale SENYÈ a, Redanmtè nou an, Sila Ki Sen an Israël la; “Pou koz nou, Mwen voye kote Babylone e Mwen va mennen yo tout desann kote nou kon kaptif, menm Kaldeyen yo nan bato anndan sila yo rejwi yo.


Konsa pale SENYÈ a, Wa Israël la, ak Redanmtè li a, SENYÈ dèzame yo: Mwen se premye a e Mwen se dènye a; nanpwen Bondye sof ke Mwen menm.


Redanmtè nou an, SENYÈ dèzame yo se non Li, Sila Ki Sen an Israël la.


Paske mari ou se Kreyatè ou a; yo rele L SENYÈ dèzame yo. Redanmtè ou se Sila Ki Sen An Israël la. Yo rele Li Bondye a tout latè a.


pou m kapab yon sèvitè Jésus Kris pou pèp etranje yo, pou m fè sèvis kòm yon prèt pou levanjil Bondye a, jis pou ofrann mwen bay pèp etranje yo kapab vin akseptab, e byen sanktifye pa Lespri Sen an.


epi pou tann Fis Li a soti nan syèl la. Sila Li te fè leve soti nan lanmò a, ki se Jésus, ki delivre nou anba kòlè k ap vini an.


ki te bay tèt Li pou nou, pou rachte nou de tout zèv malveyan, e pirifye pou tèt Li yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, ki zele pou fè bon zèv.


Pa lafwa Abel te ofri a Bondye yon pi bon sakrifis ke Cain, selon sa, li te resevwa temwayaj ke li te jis. Bondye te fè temwayaj de ofrann li yo, epi pa lafwa, malgre ke li mouri, li toujou pale.


Alò, atravè Li menm, annou ofri yon sakrifis lwanj pou Bondye san rete, ki se fwi a lèv ki bay remèsiman a non Li yo.


Nou menm osi, kòm wòch vivan, ki bati kòm yon kay sen, pou nou fè sèvis kòm prèt ki sen, pou ofri sakrifis sen, ki akseptab a Bondye, atravè Jésus Kri.


Epi yo te chante yon chan tounèf. Yo te di: “Dign se Ou menm pou pran liv la, e kase so li yo. Paske Ou te touye, e Ou te achte pou Bondye avèk san Ou; lèzòm de tout tribi, lang, pèp, ak nasyon.


跟着我们:

广告


广告