Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 18:50 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

50 Li bay gran delivrans a wa Li a, epi montre lanmou dous Li a onksyone Li a, a David avèk desandan li yo jis pou tout tan.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

50 (51) Bondye delivre wa li a anpil fwa. Li moutre jan li pa janm sispann renmen David, moun li te chwazi a, ansanm ak pitit pitit li yo pou tout tan.

参见章节 复制




Sòm 18:50
20 交叉引用  

Li va bati yon kay pou non Mwen e Mwen va etabli twòn wayòm li a jis pou tout tan.


Konsa, sa te fè Ou plezi pou beni lakay sèvitè Ou a, pou li kapab kontinye jis pou tout tan devan Ou. Paske Ou menm, O SENYÈ, te fè l beni e li menm vin beni jis pou tout tan.”


Pou koz David, sèvitè Ou a, pa vire fas kont onksyone Ou a.


Ki konn sove wa yo, ki fè David, sèvitè Li a, chape de nepe lanmò a.


Men pou Mwen menm, Mwen fin plase Wa Mwen an sou Sion, mòn sen Mwen an.


Paske lanmou dous Ou a gran jis rive nan syèl yo, epi verite Ou jis rive nan nwaj yo.


Li te leve yon kòn sali pou nou lakay David la, sèvitè Li a.


konsènan Fis Li a ki te ne de yon desandan David selon lachè,


Paske kado ak apèl Bondye pa revokab.


Alò, pwomès yo te pale a Abraham ak posterite li. Li pa t di, “a posterite ou yo”, kòm referans a anpil moun, men de preferans a yon sèl moun: “E a posterite ou”, sa se Kris.


Alò, SENYÈ a te di a Samuel: “Pandan konbyen de tan ou va lamante pou Saül, paske Mwen te rejte li kòm wa sou Israël? Ranpli poban ou avèk lwil e ale. Mwen va voye ou vè Jesse, mesye Bethléhem nan, paske mwen te chwazi yon wa pou kont Mwen pami fis li yo.”


Sila ki fè lènmi avèk SENYÈ a va kraze nèt. Kont yo Li va gwonde depi nan syèl yo. SENYÈ a ki va jije, jis rive nan tout ekstremite latè yo. Konsa, Li va bay kouraj a wa Li; Li va fè leve wo kòn onksyon pa Li a.”


跟着我们:

广告


广告